Lakay, mizè nan tèt la pi grav pase mizè nan vant lan

Ayiti, mizè a plis nan tèt pase nan vant.

Nan nenpòt peyi mwen pase, depi mwen di se Ayisyen mwen ye – tout moun kòmanse gade mwen yon fason, ou ka wè nan je yo – yo gen pitye pou mwen, paske mwen soti nan yon ti peyi pòv, yon peyi mizè – kote si ou divize richè peyi sa a pa kantite moun k’ap viv nan peyi a – sa ba ou yon grenn dola ameriken pou chak ayisyen pou yon jounen. Chak fwa moun gade mwen tankou yo anvi di mwen kè yo fè yo mal pou mwen pou jan peyi mwen ye, mwen toujou anvi rele : Anmwey ! Sispann ! Mwen fè pati jenerasyon sa a ki pa bezwen pèsòn moun gade mwen ak pitye nan je yo. Yon jenerasyon ki kwè gwo mizè peyi a se pa nan vant li ye – se nan tèt nou li ye. Si nou batay pou nou elimine mizè nan tèt la. Yon jou na chase mizè nan vant lan. Mwen pa vle fè pati moun ki renmen yo mete kalifikatif « peyi ki pi pòv » devan non peyi mwen. Mwen pa renmen lè yo mache tout kote pran foto ap pibliye sou jounal ak sou entènèt, pandan y’ap defigire reyalite peyi mwen. Se konsa anpil ONG fè lajan yo. Lè mwen di ONG, mwen pa pale de sa ki soti nan peyi etranje yo sèlman, ni òganizasyon legliz, swadizan k’ap travay ak « moun pòv » yo. Se vre : sa-k vid pa kanpe. Men lè w’ap chèche plen vant lan epi ou kite tèt la vid – èske se pa konsa zannimo yo viv? Mwen pito mouri lib si se pou mwen ta mennen yon vi esklav. Se te pawòl sila yo ki te ban nou endepandans. Lè nou sonje efò yo, jodi a – nou ta dwe gen kouraj di : mwen pito mouri si pou mwen ta gen bòl mwen plen, epi tèt mwen vid.

Nan nivo ekonomik, peyi Dayiti tounen yon trou-nwa, yon sipè-nova. Tout lajan ki tonbe nan peyi a, ou pa wè kote li pase. San konte èd k’ap antre nan men ONG yo – Chak ane ayisyen k’ap viv nan peyi etranje voye « de bilyon » dola ameriken nan peyi a, bay fanmi ou zanmi. Epoutan, chak ane peyi a ap plonje pi fon nan lavi chè ak nan lamizè. Nou se yon peyi ki pa pwodwi anyen, se konsonmen sèlman n’ap konsonmen. Tout lajan sa a retounen nan peyi kote yo soti a. Yon premye fason : Swa nan achte prodwi premye nesesite yo – nan achte bèl rad, soulye – jennès nou an ap depanse $150 pou rive nan $300 pou achte yon swadizan bèl telefòn ki ka gen watsap ak fesbouk (souvan yo itilize yo deja, oubyen yo gen problèm depi nan fabrikasyon an). Yon dezyèm fason : depi yon bon bout tan, pi fò nan konsila peyi etranje yo an Ayitti monte pri pou moun gen randevou pou al mande viza. Pran randevou nan konsila sa yo, pou peye, youn nan yo pa aksèpte lajan ayisyen an, yo tout se dola ameriken yo pran. An nou pran egzanp sou konsila ameriken an. Kounye la a, ou bezwen $350 pou ou pran randevou. Chak jou ou jwenn plis pase 600 a 700 moun devan konsila a. Sa ki pi rèd nan istwa a, se sèlman 5% nan moun sa yo ki elijib pou yo jwenn viza. An nou fè yon ti kalkil : 700 moun X $350 = $245, 000. Nou kite se ou ki miltipliye kòb sa a pa kantite jou yo ouvri pou moun vin mande viza nan yon mwa ; san ou pa bezwen fè kalkil la pou yon ane, wa wè. Tout lajan ki antre nan konsila sa yo pa rete nan peyi a, yo ale nan trèzò gouvènman peyi ki mèt konsila sa yo.

Yon lòt fason lajan gaspiye nan peyi a : Relijyon – pèp ayisyen an tankou pòv Laza epi tout relijyon sa yo se nèg rich la. Konbyen pastè, konbyen mon pè ki gen dekwa oubyen menm plis pase sa yo dwe genyen pou yo viv – epi moun k’ap vin mete kòb nan kèt yo ap redi di pou yo manje ? Konbyen chèf legliz ki fè kèt la vin tounen yon konpetisyon ? Yon konpetisyon pou sa ki bay plis – oubyen vann lapriyè. Konbyen byen jèn ak vèy de nwi chak semèn ? Konbyen fwa gen sèvis pa semèn, chak sèvis sa yo gen kèt nan yo ? Yo di se pou papa Bondye… Epi menm moun sa yo k’ap di sa a, nan aksyon, lè yo di « notre père » a, yo di li konsa : ‘‘Papa nou ki nan syèl la, rete kote ou ye a… kite nou regle zafè nou sou tè a.’’ Konbyen inivèsite, lèkol segondè, primè ak matènèl nou konstwi pou moun ki gen mwayen yo ? Konbyen benefis nou fè nan yo ? Kisa nou fè ak benefis sa yo – mete yo labank, pou legliz la? Pou kominote a? Konbyen nan lekòl rich sa yo ki gen yon pwogram vakans pou timoun ki pa gen mwayen yo: espò, mizik, dans, aprann li ak ekri pi byen ? Malere pa defo, yo pa mande anpil. Sa a se yon kanpay pou yo ta lanse nan tout peyi a. Pa bliye, gen yon jou ni pòv Laza ni nèg rich la gen pou rive devan Bondye. Tout sa mwen di la yo, yo konsène ni katolik ni pwotestan.

Men yon lòt bagay ankò – anpil kretyen di yo pa nan politik. Pastè yo menm dekouraje kretyen yo pou yo pa antre nan politik. Si Erop se yon gran kontinan sou kesyon pwogrè syantifik, ekonomik ak sosyal. Si Lèzetazini Kanada se gran peyi – se kretyen, patizan Kris la ki travay pou konstwi peyi sa yo. Sa pat fè nan leve de men anlè, mande Bondye pou di yon mo pou peyi yo – sa fèt pandan yo met men nan pat la. Paske yo pran pawòl Kris la oserye : ‘‘Nou se sèl pou tè a ; nou se limyè pou mond sa’’ (5, 13 – 16). Si se pa nou kretyen ki pou chanje sa, kiyès ankò? Pa bliye sa Jezi di : Si sèl la pa sèvi pou bay manje a gou, pou konsève vyann nan, kisa y’ap fè ak li ? Mon pè ki pa ta dwe nan politikayri-patizan, tonbe nan preche politik sou lotèl. Mon pè se yon moun tankou tout mou, li dwe gen yon oppinyon politik. Men lotèl la pa la pou sa. Li pa la pou fè pwomosyon pou yon pati politik. Dekilakyèl, mon pè ap fè politikayri sou lòtèl ? Sa l’ap defann ?

Èske sektè vodou a inosan ? Non! Vodou a devlope nan tèt an nou yon espri paranoyak – nou toujou kwè lòt la ap fè nou mal – nou wè oubyen nou santi mal la tout kote. Pa janm gen yon maladi natirèl oubyen yon lanmò natirèl. Tout sa ki fèt gen yon koz envizib, yon fòs ki pi fò pase fòs natirèl yo – se yon dezas pou devlopman lasyans ak yon katastwòf pou vi sosyal nan peyi a. Yon seremoni vodou, pou yo bay lwa yo manje – sa koute chè. Se anpil bwason byen chè : pou bwè epi pou jete ate pou lwa yo – fè manje, touye bèt pou bay lwa yo manje – souvan manje sa yo, se antere yo antere yo. Yo bay mèt agwe manje, nan yon bak ki gen tout kalite manje – yo al nwaye bak sa anba lanmè. Al wè yon bòkò (prêtre vodou) ak yon moun ki malad – souvan se maladi natirèl. L’ap di ou se poud yo bay moun nan. Gen yon sèvis pou yo fè pou moun sa geri, nan yon seremoni vodou : bwason ap koule jete, pafen ap gaspiye, manje ap voye jete oubyen ap antere. San konte mò yo ki vin mande manje – fò gen yon gwo seremoni, bay chante mès, peye yon kòb pou sa – epi fè seremoni pou bay mò a oubyen mò yo manje – nan yon peyi kote enflasyon an monte byen wo, ou pa bezwen mande kijan bagay sa chè.

Si ou fin li atik sa, sa pa fè ou anvi vomi – konnen ou pa gen kè yon kretyen vivan. Tout peyi bezwen òganizasyon politik ak sosyal, enstitisyon politik ak relijye. Tout peyi dwe gen relasyon ak lòt peyi. Men an menm tan yo tout dwe sou kontwol, anba regleman, pou yo pa sèvi pou detwi moun – men tout sa dwe fèt nan sèvis ak pou devlopman sitwayen peyi a. Li lè li tan tan, pou nou chak mande: kisa nou dwe fè? Li lè li tan pou nou chèche konnen ki kote pou nou kòmanse? Li lè li tan pou nou mande, ki kote pou nou kòmanse pou nou ka sove peyi a ? Mwen se ayisyen. Mwen se kretyen – mwen soti nan yon milye ki pòv. Mwen se manm nan klèje a. Mwen gen opòtinite pou mwen viv nan plizye peyi : Erop, Amerik Nò ak Amerik sid la e menm Karayib la. Sa mwen ekri la yo, se pa nan liv mwen etidye – mwen viv yo, mwen kontinye ap viv yo. Se vre bagay yo tris. Men mwen gen espwa. Mwen kwè pi gwo mizè peyan-m se pa nan vant li ye, men se nan tèt an nou li ye. Youn nan solisyon yo se travay nan edikasyon ti moun nou yo. Elimine tout lekòl bòlèt – etabli yon sistèm edikasyon k’ap ede ti ayisyen reflechi, aprann viv youn ak lòt, aprann remenmen peyi yo, aprann respèkte peyi lòt nasyon yo, dekouvri enpòtans ansèyman moral ak sivik, dekouvri wòl lasyans nan sèvis moun – aprann travay ak men-w pou ou manje pen ou. Gen jenn sa yo an Ayiti, mwen konnen anpil nan yo – mwen diskite ak anpil nan yo. Mwen konnen anpil nan yo ki pa vle pati kite peyi a menm si bagay yo ap vin pi di – yo fè yon etid epi yo chèche yon travay pou yo fè – mwen konnen anpil nan yo ki gen yon gou atistik trè avanse k’ap travay pou leve sot atè a – yo pa bezwen moun lage degouden nan kwiy yo, yo sèlman ap tann pou jwenn yon kout pous – yon kout van ki vin gonfle vwal yo. Mwen sèten se yo k’ap sove peyi a. Paske yo pa vle pati. Yo pa gen de paspò. Se pa paske yo pa ta ka pati tou, men yo fè yon chwa – yo chwazi Ay’ti Cheri – Yo se espwa mwen. Yo se ero mwen.

Si ou vle li lòt atik ankò, vizite blòg nou an :  http://www.investirdanslhomme.org/blog


© Me 2019, Montreal, Canada – Pè Dominique

Ou ka kontakte nou nan imèl sa : dominique@invesirdanslhomme.org